Alèt pou evantyèl aktivite dlo desann pou 11 pwovens

0 378

Santo Domengo__(TRiboLAND) Sant Emèjennsi Operasyonèl lanse yon alèt bay Distrik Nasyonal-la ak 10 lòt pwovens ayè Lindi-a sou evantyèl gwo aktivite dlo desann, debòndman rivyè ak ravinn ansanm avèk eboulman tèren.

Alèt sa yo sible Sen Domeng, La Vega, San Cristóbal, Monsignor Nouel, Sánchez Ramírez, El Seibo, Monte Plata, Duarte, Hato Mayor ak San Pedro de Macorís.

Nan yon kominike ke li fè sòti, Sant Emèjennsi Operasyonèl kote ke lap kontwole tout zònn ki gen risk lavalas yo ak loray ki kapab lye ak mouvman twopikal kap loveye bò kote Is ak Sidès Lanmè Karayib la, ki pa gen twòp chans pou devlope yon siklònn nan pwochen 48 edtan yo.

Leave A Reply