Florid: Yon jènn gason antre kay moun, fè dejne, manje, e di rezidan yo retounen al dòmi

0 285

Yon jènn gason jwenn arestasyon-l nan Florida apwè ke li te antre san onè, san pèmisyon anndan yon kay pwive byen bonè Madi pase. Dapwè enfomasyon otorite leta yo, msye antre li fè dejne e li mande tout moun ki te nan kay la pou yo retounen al dòmi.

Gavin Crim

Olye pou rezidan yo te retounen al dòmi, yo te pweferabman menase pou rele polis, dapwè repòt Fox Affiliate WTVT. Konsa, Gavin Crim ki gen 19 lane, te oblije pwan lyann pou li e kouri kite rezidans Safety Harbor Florid la, dapwè revelasyon responsab polis yo nan Kontre Pinellas ki konfime ke Crim te antre nan pòt dèyè lakay moun yo ki pat fèmen e li te kòmanse fè manje, chita kè kalm e manje anndan lakay moun yo.

Crim komèt krim sa nan entèval 4: am, douvanjou byen bone, dapwè depatman polis Pinellas nan Florid.

Leave A Reply