2 anplwaye DINEPA konvèti tèt yo an asasen, dechèpiye biwo Pòdpè a

222
0
Share:
TRiboLAND


05 – 10 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Daprè yon rapò finansye biwo DINEPA Pòdpè a drese, kont bankè Enstitisyon an ki trouve-l nan BNC ta sipoze gen 40 211 405, 05 Goud sou li swivan konpilasyon fich depo yo, alòske nan rapò kontab la te voye bay Direksyon OREPA nan dat 08 avril pase a fè konnen lajan ki sou kont lan se sèlman 1 500 000 Goud.

Yon eskandal ki kreye yon sitiyasyon panik nan biwo DINEPA Pòdpè a, depi plizyè jou fè dirijan yo kòmanse fouye zo nan kalalou pou konnen kote lajan sa yo fè. Nan chèche konnen, responsab yo vin dekouvri se ta yon kout maltaye ant kontab la, Renaldo Herard ak mesaje a Dieudonné Jean Robert pou dechèpiye DINEPA.

Aprè konsta fich, Jij Maxime Dumargène drese yon pwosè vèbal konsènan montan ki te dwe sou kont lan. Lajistis nan Pòdpè poze sele sou byen Kontab la, Renaldo Herard. Plizyè mandan desène kont Kontab la ak Dieudonné Jean Robert ki se mesaje biwo a.

Eskandal koripsyon sa nan vil Pòdpè, se pi gwo zak koripsyon depatman Nòdwès la konnen. Jij Fortuna poze sele sou kay Kontab la jounen samdi 11 me 2024 la, yap kontinye chèche byen eskanmòtè sa yo pou kontinye ak menm egzèsis poze sele a. Divès moun nan site Kapwa Lamò a pwofite mande ULCC fè yon pase nan Nòdwès pou founi je gade kijan biwo yo ap fonksyone.

Share:

Leave a reply