Ensalibrite: Chan avyasyon Pòdpè a, yon simityè pou moun ak zannimo.

1,534

07-08-2022

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan, Chan avyasyon vil Pòdpè a tounen yon lye komèsyal ki trè anachik. Aterisaj avyon, machann chabon toupatou, machann fritay, ak divès lòt kalite aktivite komèsyal, tankou kawach san konte divès machann pèpè prodwi yon pakèt dedradasyon anviwonmantal.

Malgre jefò defen chèf Leta asasinen an, Jovenel Moïse, ki te dote Meri Pòdpè a 2 kamyon ak yon bako lodè, sapa anpeche yon lane aprè, espas sa arive yon lòt fwa ankò transfòme an yon veritab  depotwà dechè oubyen simetyè pou moun ak zannimo.

Fatra pil sou pil, gwo boukan dife, san konte divès lòt kalite zannimo kap fè laviwonn dede kouvri ak yon tòchon sal egzistans yon direksyon rejyonal pou anviwonman. Kesyon pou konnen ki kote materyèl ke jovenel Moise te dote komin nan? Ki sa y ap fè? Kote onbwàj otorite minisipalite yo? Se tout yon seri kesyon ke otorite iresponsab pa kapab reponn.

Pou anpil moun, materyèl Mèri Pòdpè yo ap bwote sab, ròch, gravye ak ranblè pou lajan; tandiske  chato fatra ap miltipliye nan tout kwen vil la.

Pou Mericel Lubin, yon sitwayen kap viv nan zòn sila; ansyen prizonye kap administre vil pòdpè a, se yon patcheke,yon iresponsab kap detwi, vann epi gaspiye byen komin nan olye pou li tafè travay vil la.

Plede anfavè yon netwayaj pou Chan avyasyon Pòdpè a, Mericel Lubin mande ak direksyon travo piblik branch nòdwès, prese, prese vin bay yon kout men yon mannyè pou rive aseni vizaj Chan a ki pa gen lontan depi ke li te genyen yon bèl figi nan moman kanaval la.

Comments are closed.