Siklònn Dorian kapab mache pwan Florid avèk yon kategori 4

0 278

Florida__ (TriboLAND) Dènye aktivite pwevizyon metewolojik yo montre ke siklònn Dorian ap gen pou-l gonfle ponyèt nan de twa jou sa yo e li genyen yon kapasite pou-l devni yon siklònn ki gen pou atenn kategori 4 pandan lap mete tèt li nan dirèksyon Sidès peyi Etazini.

Dapwè pwevisyon jounen Jedi sa ki soti nan Sant Nasyonal Metewolojik ki rekle aktivite syklònn, pwevwa rafal van Dorian yo pwal pwan anpil jarèt ak yon vitès 130 mph nan pwochenn 72 èdtan sa yo, ki pwal reyèlman fèl degaje yon demakaj kategori 4, ki se yon gwo tonton siklònn ki kapab ekstrèmeman danjere pandan weekenn manch long konje “fèt travayè” nan peyi Etazini.

Dorian dapwè save kap jere tan an, pwal premye siklònn kategori 4 ki pwal blayi nan zònn kotyè Ès Florid depi lane 1992 lòske siklònn anjandre Andrew te voye apepwè 40 moun nan peyi san chapo san konte dega ki te bay anpil lawouli.

Dorian ki te nan zònn Ès Bahamas konte trese lèl sou Ès Atlantik bò zile yo ant jodi Jedi a pou rive demen Vandredi-a; answit, li pwevwa sekwe tou mitan tèt Nòdwès Bahamas nan zònn Dimanch yo konsa, dapwè ekspè move tan yo.

Gouvènè leta Jòjya, Brian Kemp deklare eta dijans sou yon douzènn kontre jodi Jedi 29 Dawou a, alòske, nan Florid, Gouvènè Ron DeSantis ranfòse eta dijans lan ki kouvwi apepwè 67 kontre. Antouka, pandan Dorian ap gonfle fòs ponyèt li, li genyen yon maksimòm potansyalite ki kapab mete plat atè tout sa ki sou chemen li tankou kay, pyebwa e latriye. Nan yon twit pap padap li voye bay popilasyon Florid la, pwezidan Donald Trump alète tout Floridyen yo pou yo mete bab yo alatwanp, fè pweparasyon vit e pwese; li ankouraje yo rete vijilan pandan yap swiv tout konsenn parekou, ladrès ak enstriksyon Eta-a ak Federal yo. “Se pwal yon gwo tonton siklònn, petèt youn nan pi gwo yo”!

Claudel Joseph, TRiboLAND

Leave A Reply