Yon gwoup militan sakaje e okipe Sena Ayisyen an pandan yon bon bout tan (Video)

193
0
Share:

Yon gwoup militan ayisyènn anvayi Sena Repiblik la jodi 11 Septanm lan yon hason pou sipòte Senatè opozisyon yo ki kanpe ankwa sou seyans deklarasyon politik jeneral premye minis nome Fritz William Michel ak tout makònn manm ekip gouvènmantal li a.

Byen bone nan maten te deja gen gwo tansyon ki te mete tout moun nan plizyè kwen nan kapital la ogadavou! Kèk ti tan apwè deblozaj pat pwan tan pou deklentche! Mount e remake ankò yon lòt movie sal ki ta pwal mete Ayiti anba rada entènasyonal.

Yon gwoup militan ayisyènn anvayi Sena Repiblik la

You gwoup moun ki danse kole ak senatè yo ki nan opozisyon an te anvayi sena-a e sakaje plat atè sal seyans; chèz ak biwo kraze, alòske otorite sekirite palman an bese paviyon fas a kolè militant sa yo ki swete mete yon fen nan kò gang sa kap efondre peyi pandan yon bon bout tan.

Share:

Leave a reply