Pòtpawòl nouvo direktè Polis Nasyonal Dayiti deklare yo detèmine pou yo eradike ensekirite-a

0 439

Pòtopwens__(TRiboLAND) 2 jou apwè nominasyon li nan tèt Polis Nasyonal Dayiti, ekip Normil Rameau-a gentan ap foubi zam yo pou yo fè fas kare ak gwo defi ensekirite kap tan yo patikilyèman nan antre Sid kapital la.

Selon pòtpawàl direktè tou nèf la, Michel-Ange Louis-Jeune ki tap entèvni sou yon media nan kapital la jodi Jedi 29 Dawou 2019 la. Dapwè pòtpawòl la, chanje mèt, chanje metye! Yon lòt ekip, yon lòt strateji! Diferan komisè jiridiksyon deja ogadavou pou yo fè fas ak pwoblèm nan e pote solisyon adekwàt pou fwennen zak malonèt malfwa yo.

Nan jou kap vini yo, lapolis konte amelyore kapasite operasyonèl yo e ekipe diferan twoup ak bon zouti materyèl, dapwè sa Louis-Jeune te ajoute. Pòtpawòl nouvo direktè tou limen an te kontinye pou li di ke operasyon mache pwan bandi yo ap kontinye nan Matisan; konsa li anonse lanmò Cazeau, youn pami 2 bandi ki tap bay panic jodi Jedi maten 29 Dawou 2019 la.

Leave A Reply