Yon mayi grennen ki ta sanble enpwazone ap vann nan Podpe

0 426

Triboland.com 01-20-2019

Podpe_Apa de movez kondisyon sanitè ki pa regularize nan mache Sebasyen an nan Podpe; fwa sa se yon mayi grennen enpwazone kap bay kèsere. Kèk rezidan ta pèdi pluziè bèt volay ki donk: poul kana, ak kodènn.

Konsta yo revele osito volay sa yo finn konsome pwodwi alimantè sa a, tou swityo degaje yon reaksyon kagou, enbètè kote ke yo vinn afebli e konpletman pa kamache. Konsa, yo pa pran anpil tan pou yo kraze yon kite sa!

Pluzyè rezidan gen laperèz sou sikilasyon mayi sa a depi pluzyè jou nan depatman an; ki san dout anpil moun deja ap itilize san ran kont.

Triboland ap alète otorite (depatman agwikol, sante, ak sivil) anplas yo pou bay dèyè yo 2 tap yon fason pou yo kapab proaktif nan sekurize e pwoteje sante popilasyon Nodwès la ki deja ap vivnan yon environman dezagreyab.

Triboland Staff Writer

Leave A Reply