Sen Domeng: 5 moun mouri e 50 lòt blese nan yon tèrib aksidan bis ki tap transpòte yon ekip foutbòl Ayisyen

0 321

03-04-2019

SEN DOMENG__ (Triboland) Yon bis ki tap transpòte yon ekip foutbòl Ayisyen fè yon gwo poban aksidan nan Jarabacoa, yon pwovens ki localize nan zònn santral Republik Dominikènn kote ke gen apepwè 5 moun ta mouri e 50 lòt ta blese gravman grav dapwè rapò jounal Diario Libre nan peyi panyòl.

Bis la ki te genyen abò li apepwè 70 pasajè ta pwale nan pwovens Monsenor Noel lòske chofè a pa jwenn fwen tou pre yon moniman Lavyèj Mari nan vil El Puerto nan Jarabacoa Dimanch swà. Dapwè sous medyatik yo, veikil la te gen pwoblèm fwen ki tap malfonksyone.

Dapwè jounal El Nacional nan peyi panyòl, chofè a tap fè boulinn lòske yon pasajè te obsève-l pou li al dousman avan ke li touye tout moun nan machinn nan. Antouka, dirèktè Jacqueline Polonia ki regle zafè sivil ak parekou pou peyi panyòl declare: ta sanble 5 moun ki mouri yo se 5 jwè foutbolè Ayisyen.

Leave A Reply