Koulya Ofisye Polis nan Repiblik Dominkènn pwàl kòmanse itilize kamera pòtab sou yo

0 305

Sen Domeng _(TriboLAND) Nan gwo chita tande avèk staff li ayè Dimanch lan, Dirèktè Polis Santral Nasyonal Anti-Dwòg la, Pablo F. Ortega anonse ke tout ofisye polis koulya pwal itilize kamera sou yo chak fwa yap fè yon entèvansyon legal.

Pandan li tap pale, Msye Ortega fè eta de 76 kamera pòtab ke yo distribwe pou plis pase 44 domènn kote ke kò polis la ap gen pou fè entèvansyon atravè peyi-a.

Objektif inityativ sa, se dezòmè fasilite oubyen ranfòse kapasite polis la pandan yap dokimante travay li atravè yon video pòtab ke polis yo ap itilize sou yo, men tou yap genyen li nan machinn yo tou pou mèyè rezilta nan tout aksyon ke yap planifye.

Leave A Reply