Pòdpè:Yo Hanga ki te konstwi sou pouvwa Ansyen Delegue, tonbe plat atè san fè dega

0 317

Kanpe sou pon rivyè Pòdpè ki bay moun degoutans lan, wap gade 2 gwo Hanga marasa pye fen men wotè ki kanpe ogadavou ak yon strikti demode ki pa menm ka di move tan me kwa manman-w me kwa papa-w. Granmesi chyen, anba parasol gran kola sa yo, se la transpò 2 wou ak transpò 4 wou fè bezwen yo san gade dèyè. Se yon espas tou ki pèmèt ou wè ak tande moun tout latriye; se la tou ou jwenn moun ki kèpòpòz ak fatra san yo padi lapwòpte orevwa!

Pou wikènn nan, fè rouye di se twòp, youn nan marasa yo tonbe anba zye moun ki konpwann fè wè pa dire! Granmesi chyen, pa gen rèl kay Mako pou rele pote sekou. Vwal tant lan chire sou kote yon rigòl fatra defigire ki ta tèt koupe ak dèfen larivyè pòtpè. Elas, yon vil salte san zòrèy, san ògèy pou lòbèy!

Nan penitans sa, ou pa wè oken choukèt lawouze pou mande ki sen ki touye lanperè. Yon hanga ale, yon lòt rete pou temwanye volonte mannèv Bòs Manno pou Remize grandizè sou pouvwa Michou Mate ak nan Ran Lamò Wonte.

Y. C. TRiboLAND

Leave A Reply