Tigwav Ensidan–yon bis lekòl boule rapyetè nan Mòn Tapyon nan Tigwav.

875

01-28-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon bis lekòl boule rapyetè nan Mòn Tapyon, Tigwav aswè samdi 28 janvye 2023 ozanviowon 8 tè lanjelis.

Ensidan sa a, rive nan moman otobis la ki te chaje kou legba ak moun ki tap soti nan yon fineray ki tap fèt nan vil Tigwav. Se konsa, nan moman chofè a ta pral depoze moun yo Pòtoprèns. Touswit yo te rive sou Mòn Tapyon nan zòn Santral prodiksyon EDH Tigwav la, machin nan pran dife.

Nap fè remake, genyen anpil moun ki boule gravman grav e ki ale resevwa swen sou kabann lopital; sepandan, enfòmasyon yo pa fè eta moun ki mouri.Yon dosye TRiboLAND ap swiv!

JOICY Arnold

Comments are closed.