FIFA menase pou mete Ayiti nan kanpe lwen akoz li pa onore dèt li

0 370

Move nouvèl pou Federasyon Ayisyènn Footbòl la, ki riske tonbe anba sanksyon FIFA pou li pa patisipe nan oken mouvman konpetisyon. Desizyon sa pwan apwè ke Patrice Neveu, yon seleksyonè blan franse te pote plent pou Federasyon an ki te dwe-l aryere salè yon lane apwè li tap jwe wòl kòmandè ploton grenadye yo.

Konsa, apwè depa li nan tèt grenadye yo, diskisyon sou modalite kontra 2 zan ant Federasyon Ayisyènn Footbòl la ak Patrice Neveu pat arive abouti sou yon antant. Nan mwa Davwil 2017, Msye Neveu te oblije depose yon plent devan FIFA pou egzije Federasyon Ayisyènn Footbòl la rambouse-l magogo lajan sa ki koulya yon montan $200,000 san konte frè sanksyon yo ke yo pwevwa pou Ayiti responsabilize, dapwè Yves Jean-Bart, Pwezidan rasi FHF la ki tap bay yon konferans piblik semen pase.

Konsa, FIFA bay FHF yon delè jiska 31 Dawout kap vini la; sinon Federasyon Footbòl Kreyòl la riske tonbe nan woulo ak nan kanpe lwen yon fason pou Ayiti pa diskite oken konpetisyon.

Leave A Reply