Opozisyon an mete anplas yon komisyon ki pwal fè chwa yon Pwezidan ak yon Pwemye Minis tranzisyon

0 417

Dimanch 17 Novanm 2019

Pòtopwens__(TRiboLAND) Nan divès diskisyon sou yon seri tèm referans, plizyè pati opozisyon an ki te pase paraf anban akò Marriott ki se “Altènativ Konsansyèl pou Refondasyon Nasyon an” avèk Altènativ, Forum Patriotique de Papaye avèk Mache Kontre, ak Bloc Démocratique pour le Redressement National et opposition institionnelle et la Sociéte Civile, yo tout te delege repwezantan yo nan komisyon an ki pwal gen pou misyon pou travay sou modalite chwa Pwezidan an ak pwemye Minis lan ak tout divès manm ki pwal konpoze Gouvènman Tranzisyon an.

Konsa, Asanble ki konpoze tout sinyatè yo ap gen pou deside sou plizyè non moun.

Non sitwayen ki fòme Komisyon an se: Jean Robert Bossé (Opposition institutionnelle), Camille Fièvre (Alternative), Genard Joseph (Mache Kontre), Victor Benoit ( Bloc Démocratique), Jean William Jeanty (Forum Patriotique), Sabine Lamour (Société Civile), ak Eric Balthazar (Société Civile).

Leave A Reply