Komite Sekirite Kominal Wananmemt lan prosede ak arestasyon Thomar e Delinx Alidor

2,225

06-09-2022

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon zam ak yon motosiklèt sezi e 2 moun arete, se bilan operasyon komite Sekirite Kominal Wanament la nan lannwit 8 jen pou rive 9 jen 2022 a.

Yon  operasyon ki fèt nan tèt kole ak jij titilè tribinal sivil Wanament lan, Louis-Jacques Elie; 2 moun rive jwenn arestasyon yo kise: Delinx Alidor ki 26 lane sou tèt li avèk Thomas Alidor 30 lane e la polis sezi nan men yo yon zam kalib 3-80 ak 2 pake pay ki sanble tèt koupe ak marigwana.

Nan menm operasyon sila, komite a rive konfiske yon motosiklèt Lorcin koulè rouj ki tap would san anrejistreman. Konsa, annafè yo te arive pran 2 kontravansyon pou pèmi kondwi.

Pou konya,  Delinx ak Thomas Alidor twouve yo nan gadavi komisarya Wanament la,  pouswit legal yo.

Jn simon Manex , TRiboLAND

Comments are closed.