PNH mande konkou popilasyon an pou ede yo chèche divès chèf gang anjandre

0 513

Pòtopwens___(TRiboLAND) Atravè Enspektè pwensipal li e pòtpawòl adjwen li Gary Derosiers, Polis Nasyonal Dayiti alète tout popilasyon an ke yap chèche tankou chyen fou divès chèf gang ki pa manyen anyen ki fwèt!

Enspektè a rapouswiv pou li di ke bandi sa yo trè danjere! Yo mande kolaborasyon popilasyon an nan localize ak idantifye chèf gang sa yo ki enplike nan yon pakèt gwo zak asasina, masak, asosyasyon malfektè, detansyon zam illegal, kidnapinn, detounman kamyon machandiz, vòl machinn, ak tantiv asasina.

Otorite sekiritè yo mande moun ki sispèk ou genyen enfòmasyon kriminèl sa yo pou yo rele nan: 3838-1111 / 3106-0573

Leave A Reply