Sen Mak: yon jènn gason mouri anba bal koz 2 anèks BNC ak yon machenn ensandye

179
0
Share:
TRiboLAND

Sen Mak__(TRiboLAND) Fiziyad ajan polis nasyonal yo fè sou yon gwoup manifestan nan site Nisaj Sajè-a jodi Vandredi 11 Oktòb 2019 la, voye yon jènn gason 17 lane ki rele Djouby Joseph mouri anba bal ajan PNH yo.

Dram sa ki pase nan lokalite Pòtay Gèp, te leve plim sou do moun Sen Mak ki ta sanble revòlte kont ajan PNH yo ki ta responsab lanmò adolesan sa lòske yo te tire abon pòtan sou yon foul moun ki te devan yon seri barikad.

Li pat pwan tan pou bonèt popilasyon Sen Mak la te kraze ak chavire divès enstitisyon pwive ak piblik. Barikad flanm dife disèt otè ak gwo konfwontasyon ak fòs lòd yo te pwan chè, alòske pwotestatè yo mete dife nan antre 2 sikisal Bank Nasyonal Credi san konte yon bis ki te pake nan espas la.

Katchou boumbe yo lakòz 5 moun ta blese, pami yo 4 pwotestatè ak yon ajan CIMO ki ta resevwa yon bal nan pye.

Share:

Leave a reply