Trump ta sanble enterese achte peyi “Greenland”

Dapwè yon rapò ki soti nan bouch Wall Street Journal ayè Jedi-a, Pwezidan Eta Tèt Kole yo, Donald Trump ap fè je dou bay “Greenland” ki se lil ki pi gwo nan monn nan.
Pwezidan Trump ap karese lide pou achte “Greenland” pwès ke tanzantan. Selon sa ki soti anndan vant konseye pwezidan an atravè Wall Street Journal, Trump ap repete tanzantan kòman li ta renmen achte gwo lil sa ki genyen apepwè 56,000 krityen vivan kap viv ladan-l e pi ki layite kò-l pi pwè Amerik Dinò ke Ewop. Se yon rejyon ki genyen pwòp otonomi li anba zèsèl Wayòm Dannmak la, e ki genyen yon nich resous natirèl ki evalye a 50 bilyon barik lwil san konte gaz natirèl dapwè yon rapò ki te soti an 2011 nan Financial Times.
Selon estatistik, Greenland genyen 10% bonjan dlo nan lemonn anba zèsèl li e sa ki pi rèd, li genyen tou yon gwo rezèv ki rele “eleman ki ra pou twouve yo nan tè-a”, anplis li kapab tou ede Etazini avèk yon veritab potansyèl avantaj estratejik ki kapab ranfòse pwezans Etazini nan zònn Atik la ak Atlwantik la tou.
Se pa premye fwa Etazini tante achte Greenland. Nan lane 1946, sou gouvènman Harry Truman te genyen yon tantativ pou achte avèk lò ki te evalye sèlman jiska $100 milyon.






