Nòdwès : OPC ki se Ofis Pwoteksyon Sitwayen plede anfavè materyèl woulan ak machin pou Komisarya ak Prizon Sivil Pòdpè a

Apwè plizyè refleksyon bouch pa gou, Ajan Teren Depatmantal OPC Nòdwès la, Me Gabélus Dieulin te rankontre ak Lapwès maten Madi 9 Jwiyè 2019 la. Objektif la, se te atire atansyon piblik-la sou sitiyasyon Pwizon Sivil ak Komisarya Pòdpè-a ki twouve-l jounen jodi-a nan yon sitiyasyon lamantab.

Konsa, ajan OPC a plede anfavè materyèl woulan “machin ” pou 2 antite sa yo ki sanse abandone answit livwe pou kont yo depi apwè eveneman latè tranble yo nan dat 6 ak 7 Októb 2018 pase-a. Me Gabèlus kontinye pou-l di, “se pa posib nan plen 21e sa-a pou ni komisarya, ni pwizon sivil Pòdpè-a pa menm gen yon machinn ala dispozisyon Lapolis pou fasilite twanspòtasyon pwevni ou pwizonye yo nan Tribinal.
Ajan an
estime, se yon move pratik kap mete lavi ni Polisye yo ak pwizonye yo andanje, sitou
nou nan peyi kote enskirite a ap vale teren. Ki donk, balon an nan pye otorite
Ministè Lajistis ki dwe degaje-l yon mannyè pou yo sa mete machinn ala
dispozisyon 2 antite sa yo kap penyen lage!
Antouka, Me Gabélus Dieulin, pa sèl otorite nan Nòdwès ki
konstate ak 2 je l, nan ki kondisyon inasèptab polisye Nòdwès yo ap travay. Pa
twò lontan nan mwa pase-a, Pótpawòl Tèt Kole Ti peyizan Nòdwès, Pierre Joseph
ki tap vizite yon militan òganizasyon an ki te nan gadavi anndan komisarya
Pòdpè-a. Manb òganizasyon sa, deklare li gen gwo kè kase pou ni polisye ak
prizonye k ap dómi leve anndan komisarya ak Prizon Sivil Pòdpè-a.
An
nou raple, se 2 antite ki te sibi gwo domaj nan Katastwóf 6/7 Oktòb 2018 la, alòs
ke pa janm gen okenn entèvansyon ki rive fèt bò kote mouche Leta sa-a ale vwa
pou-l ta repare-l. Sa tris, yon
sitiyasyon ki lakoz ni Polisye ak ni pwizonye ap dòmi yon je louvri, yon je fèmen
Wiskis Saint Jean, TRiboLAND






