Yon tribinal nan Kawolinn Dinò ap pouswiv Yon Militè Ameriken ki te antre ak zam an Ayiti e ki te vle vinn pwezidan

1,264

Kawolinn Dinò___(TRiboLAND) Yon Pwosekitè Federal chaje Jacques Yves Sebastien Duroseau semènn pase nan Kawolinn Dinò pou kontrebann zam.

Nan dosye akizasyon an, yo dekri Duroseau kòm yon enstriktè nan manyen zam e li te fè tèt li pase kòm yon moun ki ta pwal ede lame Dayiti fè fas kare ak fenomènn bandi ou gang kap destabilize peyi-a, dapwè sa Duroseau te deklare bay yon envestigatè.

Dapwè envestigatè-a, Duroseau ki se yon militè marinn Ameriken aktif, te achte kèk nan gwo zam li yo nan Jacksonville, toupwè Camp Lejeune nan zònn Ès Kawolinn Dinò. Li te antre avèk yo nan peyi Dayiti 12 Novanm pase gras avèk konplisite yon moun non-idantifye dapwè dokiman envestigasyon yo. Duroseau te ateri nan Èpòt Toussaint Louverture avèk plizyè bwat chaje ak zam e munisyon.

Konsa, marinn nan te jwenn arestasyon li bò kote otorite peyi Dayiti yo, yon arestasyon ke li te atann ki ta pwal rive selon jan li te swete sa yon fason pou te fè pase mesaj li te bezwen fè pase-a. “Mwen konnen rezon ki fè mwen te antre ak zam yo,” dapwè sa li di yon ajan federal. “Tout sa te fè pati plan pou jwenn atansyon,” li deklare.

Toujou dapwè envèstigasyon an, yon moun ki vle rete nan anonima deklare bay envestigatè federal yo ke Duroseau “te vle ede Ayiti e li bezwen devni Presidan peyi Dayiti,” selon sa ki mansyone nan chaj ke yo mete sou li yo nan dat ki te 27 Novanm 2019 la.

Jiska pwezan ta sanble pa gen oken avoka defansè ki repwezante Duroseau nan ka sila; sepandan, dosye federal yo montre ke genyen yon manda darè ke yo te voye bay U.S. Mashals Service.

Comments are closed.