Scott Ferme Agricole ankouraje konsomè yo manje poul òganik nan plas poul glase

139
0
Share:
TRiboLAND


06 – 11 – 2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Elevaj poul nan Nòdwès kòmanse pran chè avèk Scott Ferme Agricole ki trouve-l nan Obè, 2è Seksyon komin Pòdpè. Nan yon ti bat bouch avèk Scott Nicky Louis, PDG Scott Ferme Agricole nan Obè, li konseye moun kap manje pou-l yo, pou yo konsome pito espès ki lokal ou òganik yo; sitou sa yo touye lakay yo.

Selon PDG a, anpil fwa nou pa konn ki kantite tan poul yo fè nan glas, yon sitiyasyon ki lakoz nou konpwomèt sante nou. Scott kontinye soulinye difikilte l’ap rankontre nan domèn poulaye a. Moute desann pou achte ti pousen yo, se tèt fè mal nan kontre ak bandi nan peyia. Kidonk, se gwo defisi parapò ak jan trajè yo vin ye nan al boske pousen.

Malgre tou, m pap dekouraje paske sa map fè a m renmen-l anpil, epi se yon fason tou pou-m kreye posiblite pou viv ak fanmiy mwen, dapwè Scott.

Share:

Leave a reply