Sibtiti komisè gouvènman Saintel Julbert pote eksplikasyon sou gadavi Majistra Bèdeyènn nan

0 326

PÒDPÈ__(TRiboLAND) Nan konvèsasyon li te gen yen ak yon konfrè jounalis kèk èd tan aprè li te finn mete nan gadavi epi libere majistra Bèdeyènn nan, sibtiti komisè gouvènman nan Pakè Pòdpè a, Me Saintel Julbert pwesize ke li te poze aksyon sa-a pou outraj alamajistrati majistra Ilercé Joseph Tertius te komèt nan kazye li. Paketye a eksplike Majistra ta agase-l nan biwo-l apwè li ta refize pran lajan nan men Majistra pou-l’ trete yon dosye difamasyon ant Majistra ak yon lòt sitwayen ta fè sou li. Sibtiti komisè gouvènman ki di li pa gen pwovizyon legal pou li arete akize a, te swete yon antant ki jwenn ant avoka 2 pati yo. Ensatisfaksyon majistra a pral pèmèt gen bouch louvri, kote ni Majistra ni sibtiti komisè gouvènman an te ankolè.

Anplis, toujou selon deklarasyon Me Saintel Julbert, pandan ke dosye a nan menm-l, Majistra Ilerce Joseph Tertius al fè komisè gouvènman an chèf la, Me Jean Volney Bellamin arete menm sitwayen sa a Majistra te deja depoze plent pou li devant Me Saintel la. Sibtiti komisè a ki estime se yon abi Majistra a komèt, mande Me Bellamin yon siswa, epi li libere sitwayen ki ankonfli ak Majistra e fè mete Majistra a li menm nan gadavi. Sa a se eksplikasyon Me Saintel Julbert konfye a yon konfrè jounalis. Kontrèman ak sèten ki vle politize aksyon Me Saintel la, li ta plis sanble sibtiti komisè a ap defann entegrite ak Onètete-l nan pakè a, si-n ta vle kwè nan deklarasyon-l yo.

Paralèlman Sibtiti komisè gouvènman an, Me Saintel Julbert denonse avaka Majistra tou li di ki ta agrese-l nan biwo li. Sa ki ta pote atent ak moral li nan egzèsis fonksyon li. Nan sans sa a, Paketye a fè konnen se pa premye fwa, gen kèk avoka nan bawo Pòdpè-a ki outraje li nan pwop biwo-l. Malgré plent li depoze devant batonye lòd avoka yo nan Pòdpè, jan de ka sa yo toujou repete.

Antouka, li rete pou n’ jwenn vèsyon pa Majistra Ilerce Joseph Tertius sou dosye sila-a; jounalis triboland yo ap kontinye fouye chèche pou konnen plis detay.

Marc Edy Ossam, TRiboLAND

Leave A Reply