Plènn Dinò: Radyo BMD Entènasyonal ki te itil Gran Nò-a dechèpiye

192
0
Share:
TRiboLAND

Plènn Dinò__(TRiboLAND) Radyo BMD Internationale, ki tap kleyonne nan Mònn Wouj nan komenn Plènn Dinò, sabote e dechèpiye nan jou yo ki sot pase la.

BMD ki se medyòm endispansab, yon chouchou pou yon mas moun nan Gran Nò depi ane 2015, tap emèt anba yon fwekans bèl longè estime 90.7 fm, sankonte yon vokasyon itilite piblik ki chite sou yon gwo aks edikasyon: evanjelizasyon, politik, sijè siyantifik ak dwa delòm.

Anplis, medyòm sa ki se pwopwietè pwive de yon kòkenn chenn avoka-edikatè-pastè-jounalis, Budry Dorsanvil, ki makònnen zantray li ak yon pakèt gwo òganizasyon kap travay pou fè respekte dwa moun ak dwa imigran e jounalis, tankou “Komite Defansè Dwa moun an Fwans ki konponze ak pilye tankou: Gervais Dominique, Dalegrand Christoph, Fabre Malherbe, Fenick Francius, Yanick Hyppolite, Enock Lafrance ak Marline Dorsainvil ki fè pati krèm staff Radio BMD International la.

“Se reyèlman yon gwo kou nan kad misyon nou pou ede sa yo ki pa genyen opòtinite pou jwenn yon mèyè edikasyon anndan peyi-a, patikilyèman nan Gran Nò”, dapwè Mèt Dorsainvil ki tap ekspwime mekontantman li fas a gwo pèt sa ke radyo-a sibi anba men kasèt kay ki pote ale yon pakèt gwo aparèy teknoloji dènye kri ke te fè de radyo a yon pwisan swazo selès.

Antouka, anpil gwo envèstigasyon ap pwan chè pou arive mete men sou vòlè yo; alòske deja genyen Jij Depè titilè Plènn Dinò-a nan tèt kole avèk grefye li e avèk jivilans Mèt Smith Turenne, Avoka nan bawo Kap Ayisyen ki antame yon pakèt demach legal ki antre nan kad entèwoje e konsinye deklarasyon 2 gadyen ki te abite nan lokal Radio BMD Internasyonal la.

Konsa, diaspora ki toujou gen sousi pou ede e fè lakay bèl pa sispann jwenn degoutans ak repiyans anba men malfwa ak eskanmòtè kriminèl ki pa sispann detwi e pafwa koupe men moun kap ede yo mache-a.

Share:

Leave a reply