Bandi yo nan Pòtoprens achte lopital Inivèsite Leta Dayiti lajan kontan

822

04 – 02 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Regwoupman gang ” Viv Ansanm” nan Pòtoprens achte lopital Inivèsite Leta Dayiti lajan kontan. Bandi sangwen yo akapare, pi gwo Sant Medikal depatman Lwès la, kòm zòn estratejik pou sible Palè Nasyonal.

Yon sityasyon ki fòse responsab yo fèmen pòt lopital la, e menm oblije lage majorite malad yo nan lari a debwa balanse.

Itilize lopital jeneral kòm zòn estratejik pou akapare Palè Nasyonal, gang yo pa sispann twoke kòn yo ak Lapolis ki jiskaprezan ap eseye reziste anba presyon regwoupman gang sangwen, “Viv Ansanm”.

Comments are closed.