Jistis: Yon Jij deklare ke Magalie Habitant pa dwe kite peyi Dayiti sou okenn fòm

0 468

Pòtopwens__(TRiboLAND) Nan yon nòt li pibliye bay Lapwès ki date 13 Dawou 2019, Jij entriksyon Tribinal Premye Enstans Pòtopwens la, Jean Osner Petit Papa pase lòd bay Dirèktè Jeneral sèvis imigrasyon ak emigrasyon pou pa kite Magalie Habitant, ansyen alatèt Sèvis Metwopolitènn Kolèt Residi Solid (SMCRS) fè wonn dèyè pòt ni travèse lizyè yon fason pou li pa kite tèritwa nasyonal la ni pa wout atè, ni pa wout dan lèzè, ak ni pa wout dlo.

Selon nòt jiridik anpèchman chape poul la, Madan Habitan ki abite nan Pòtopwens ta sanble genyen men li ki twanpe nan dosye arestasyon 7 poban etwanje ki te ame jis nan dan e ki te jwenn arestasyon yo nan anba men lapolis 17 Fevwiye 2019.

Magalie Habitant ke yo ta idantifye sou nimewo: 004-041-502-9, se yon pèsonaj ki kontwovèse e ki danse kole byen ak pouvwa Jovenel Moise, e ki genyen yon renon kòm moun ki pap ezite defann pouvwa Plwonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) je fèmen e nan tout sikonstans.

Leave A Reply