Pwezidan Jovenel resevwa 3 Grenadye seleksyon Nasyonal-la nan Palè Nasyonal Kraze-a pou aksantye sou gwo eksplwa ero sa yo te fè nan Gòl Kòp la

196
0
Share:

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Se pi gwo bagay ke Grenadye yo te kapab fè nan moman sa, ki se flache ou bay rès monn lan yon lòt imaj de peyi Dayiti; sitou nan yon moman krisyàl kote ke lakay poko jamè desann osi ba konsa nan istwa li. Li klè pou tout moun, ke gouvènman PHTK a travay anpil pou desann peyi nan fatra ke li pat jamè konnen. Li tout afè nòmal pou Pwezidan enkilpe Jovenel Moise pwofite de sitiyasyon sa pou resevwa e felisite 3 nan Grenadye yo, pami yo te genyen Duckens Nazon.

Ayè Madi 8 Jwiyè 2019 la, Grenadye yo te alonè! Fwanchman yo merite-l! Men, pou yon pwezidan enkilpe arive resevwa yon seri ERO konsa nan yon konjonkti kote ke peyi-a ap efondre a gran vitès, li mande anpil je chèch! Pou listwa! Se menm jènn ero sa yo ke ganstè PHTK pat bayo opòtinite pou yo te menm gen aksè a yon stad ki gen nen nan figil, alòske PHTK deklare li bati plis pase yon ventènn stad nan peyi-a! Se men ero sa yo ki oblije epapiye nan lemon pandan se yo menm kap eseye suviv pou bay tèt yo ti kal diniyte kòm Ayisyen wi! Se menm ero sa yo ki oblije ale deyò nan lòt peyi tou senpleman pou yo ka jwenn espas pou fè antrènman wi! Msye le pwezidan, ou reyèlman ap mal pase!

Wi, pa gen dout nan sa! Elòj, felisitasyon, fyète patryotik, Grenadye nou yo merite sa san kondisyon. Ki donk, lè yon moun ap gade fason dirijan peyi sa trete moun, fini ak lavi jènn e pwive yo de tout yon seri bagay yo pap pwive menm chyen nan lòt peyi, stati-w, otorite-w, aksyon-w e ak pozisyon-w pat janm kapab konvenk moun pou pwan apwesyasyon ou yo oserye. Paske, film maskarad ak ipokrizi sa, nou wè-l deja! Twa Grenadye yo oblije ale nan palè kraze-a; men, fè-m konfyans, setout anndan kè yo kap dechire lè yap obsève ke yo pa gen diniyte ki rete ankò kòm pèp pandan yap gade nan ki volim malpwopwete ou menm ak anpil lòt azipopo lage peyi-a!

Jènn sayo ke anpil chèf deta anbarase e imilye atravè lemonn, gen anpil pou ta ofwi politisyen tèt mato imoral  ki pa menm gen abilite menm pou enplemante yon plan damenajman fatra nan yon senp katye pou nou pa di yon vil. Li tap pi saj, si pwezidan-an te pwofite pwezans 3 Grenadye sa yo, ki se veritab ERO nasyonal ki te kapab mete-l chita, fè moral li e ede-l konpwann ki sa ki rele dirije yon peyi, fè sakrifis pou yon peyi, e inisye inite ki kapab anpeche yon peyi patoje nan pouriti pèsonifye nan tout nivo. Pwezidan an, yon lòt fwa ankò rate yon lòt okasyon!

Dapwè konstatasyon anpil moun, Grenadye yo arive fè pi gwo bagay ki pozitif pou peyi-a ke anpil nan ansyen chèf deta ki mete nou nan salte nou ye la. Yo pa premye sitwayen peyi-a se vre, men, avèk talan yo ak disiplinn nan kreyativite mutyèl yo fè nan jwèt foutbòl la, yo arive ise byen wo bikolò-a e mete lemonn antye nan yon veritab chòk ak sezisman!

Share:

Leave a reply