Sitwàyen twàzyèm sikonskripsyon Pòtopwens lan pwàl manifeste kont ensekirite a

1,018

08/11/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Apwè gwo dràm yon fanm ansent ki te pran yon bàl nan vant e ki te touche e touye bebe a 5 out dènye, anpil sitwàyen nan twàzyèm sikonskripsyon Pòtopwens lan revòlte e deside òganize yon mach pasifik kont ensekirite.

Mach sa ki genyen pou òganize demen jedi 12 out 2021 an, ap fèt sou baz “Matisan se kontinyite Fontamara”. Sitwàyen twàzyèm nan, konte bat tenèb e rele chalbarik dèyè otorite initil yo nan Leta ki pa absoluman fè zewo pou pèmèt lavi repran jarèt nan Matisan.

Manif lan ap kòmanse sou plas piblik Fontamara a 9 : 00 nan maten. Òganizatè yo envite tout sitwàyen pote kole yon fason pou fè yon parèy aktivite yon gwo koudjay. Patisipan yo ankouraje pou yo mete mayo blan ak yon kiyè nan men yo yon manyè pou egzije Leta koupyon an pran responsablite l.

Comments are closed.