30 sitwayen ayisyen ki te bare lòt bò dlo antre abò Jet Blue jodi a

357

Pòtopwens____(TRiboLAND) Se te kontantman sou vizaj 30 sitwayen ayisyen lè yo wè finalman se tout bon vwe yo tap desann avyon Jet Blue nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture jodi jedi 11 jwen 2020 la.

Pou anpil nan yo, li te lè li te tan pou yo antre lakay yo e rejwenn fanmiy ke yo pat wè pou yon bon valè jou pandan peryòd pandemik la ki te paralyze tout trafik aeryen atravè planèt la.

Moun sa yo ki sot fè anpil eksperyans nan peyi etranje, genyen sètènnman anpil istwa pou rakonte. Konsa, yo rejwi pou retounen lakay malgre pwopagasyon kowonaviris la ap vale teren anndan peyi Dayiti; yo rete kwè ke “lakay se lakay”.

Comments are closed.