ALTERNATIBA: branch Nòdwès la mande aplikasyon arete 10 Jwiyè 2013 yon fason pou anpeche moun sispann mouri ak pwodwi plastic kab bay kansè

0 304

ALTERNATIBA Nòdwès, yon mouvman ki pa danse kole ak pwodui anplastik, egzòte Leta Ayisyen pou-l fè aplike arete 10 Jwiyè 2013 la ki entèdi tout pwodui anplastik sou tèritwa Ayisyen an.

Nan yon sitinn sou Plas Katedral Imakile Konsepsyon maten Mèkredi 10 Jwiyè 2019 la, Kòdonatris mouvman ALTERNATIBA-a ki se Madanm Irva Alexandrine estime sikilasyon pwodwi plastic finn achte mòso tè Papa Nasyon an. Pwodwi toksik sa yo ap fini ak sante tout moun nan popilasyon an e yo gen gwo konsekan polisyon sou espas ekolojik depatman an takou plaj ak bèt ki nan lanmè.

Madam Irva Alexandine, ALTERNATIBA Branch Nòdwès

Madam Irva ankouraje tout ayisyen nan depatman an pou yo pran baton pèleren yo, leve kanpe pou rele chal barik dèyè moun ou byen endistri kap pwopaje dechè plastic san yo pa fè efò pou mete sou pye pwogram damenajman ki pou resikle plastic yap pwopaje yo, tankou sitwayen Repiblik Dominikani ap fè sa.

Li kontinye pou-l di, se yon kesyon lavi oubyen lamò; fòk sitwayen yo pap dòmi e leve kanpe pou fòse mouche Leta sa-a respekte oubyen fè respekte arete 10 Jwiyè 2013 Ki se yon arete ki te pran sou Pwezidan Joseph Michel Martelly.

ALTERNATIBA sa-a ki twouve l nan 4 kwen peyi Dayiti, se reprezantan ALTERNATIBA kap feraye nan Kontinan Ewòp la ki se yon mouvman Sitwayen ki kreye pou konbat fenomènn chanjman klimatik la kap bay gwo pwoblèm atravè lemonn.

Saint jean wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply