Latriye gwoup gang ki fè yon sèl tèt kole anba banyè “Viv Ansanm” nan, grennen yon lapli bal sou Komisarya Pòtopwens la

952

03 – 08 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Koalisyon gwoup gang “Viv Ansanm” nan ki pa sispann kreye gwo deblosaj anndan peyi a, fè zam chante nan kòmansman sware vandredi 8 mas 2024 la, sou Chandmas la, nan kapital la.

Selon enfo yo, bandi san fwa ni lwa yo atake avèk anpil fwaka komisarya Pòtopwens lan, ki toupwe zèsèl Palè Nasyonal. Se tout yon gwo deblosaj pami yon latriye lòt ke gwoup gang sangwen yo deja materialize atravè kapital la, Pòtopwens.

Comments are closed.