Fineray Mèrès Ansafolè a jodi Jedi maten an

0 545

Ansafolè___(TRiboLAND) Se maten an jodi Jedi 19 Desanm nan, nan legliz katolik St Anne, fineray Mme Maegareth Laurent chante anba direksyon yon latriye pwèt relijye pawas la ak lòt pè ki te vinn sipòte fanmiy lan.

Nan omeli sikonstans lan, selebran pwensipal la, Rev. Pè Clercius mande popilasyon an pou pwepare lavi yo; epi tou pou yo kontinye swiv tout bon egzanp defen an kite pou nou e kenbe lafwa nou nan Bondye. Divès delegasyon te pran pa nan aktivite yo ki te kòmanse depi nan mèkredi swa nan veye a.


Amano, reprezantan ministè enteryè, Fenamh, Skout Nasyonal ak depatmantal, Pwoteksyon Sivil, Croix Rouge, Sante Piblik, Sant Santé Ansafolè, Asosyasyon Fanm Majistra nan Nòdwès, gwoup fanm, koral ak gwoup legliz, san bliye zanmi, paran, fanmiy defen an. Pwezans pwezidan Asosyason Majistra Nòdwès yo, mè Chansolme la, Hodès Mertil, Vis Delege Arondisman an, Benoit Orelhomme, Majistrat Pòdpè à Madanm Yanick pou n site sa yo sèlman te fè santi pwezans yo an granmoun.


Tris diskou touchan 2 pitit gason l yo te sekwe legliz la lè n konsidere se te lekti yonn nan yo tap fè pou ti frèl kap etidye nan peyi etranje ki pat ka la nan fineray maman l. Seremoni an te dire plis pase 2 zèd tan, men se te yon obligasyon, paske istorikman se pou premye fwa yon Majistra mouri nan egzèsis fonksyon l depi 1885 nan kominn Ansafolè a.

Yon fanm vanyan ki pote tout revandikasyon kominn nan nan bouch ak zòrèy otorite yo nan nivo national ak rejyonal. Tout Ansafolè an jeneral pap ka kenbe dlo lòske yo tap kriye Adye Majistra Maga, nou pap janm bliye w. Ale an pè!

Victor Jn Era, TRiboLAND

Leave A Reply