Pwezidan Tywann nan, Tsai Ing-wen gen pou pase yon ti kadè an Ayiti

0 313

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Ministè Afè Lòt bò dlo peyi Tywann anonse Pwezidan Tywann nan, Tsai Ing-wen gen pou li antre an Ayiti nan kad yon tour nan Karaib la ant 11 jiska 22 Jwiyè. Madanm Tsai ap nan tèt yon gwo delegasyon kap genyen moun tankou Davi Lee, Sekretè Jenera pou Consil Ministè Afè lòt bò dlo, Wu Hsin-hsing, Minis Kominote Lòt bò dlo ak lòt minister, Depite, e biznis lidè ki gen pou fè yon vire nan Karaib la. Konsa, Pwezidan Tsai Ing-wen ak tout delegasyon an gen yon toune ki reyèlman long, men ki pwal pwan fen nan peyi Etazini.


Haiti, Saint Kitts and Nevis, Saint Vincent e Grenadines ak Saint Lucia, tout makrèl diplomatic Tywann yo nan Karaib la pwal benefisye yon parèy visit. Objektif la, se montre enpòtans makrèl sa yo genyen pou Tywann e montre a ki pwen kòd ki mare amitye-a djanm e solid ant tout peyi demokratik sa yo ki pataje menm kwayans ak peyi Tywann, dapwè anons Ministè Afè Lòt bò dlo peyi Tywann nan.

Nan jounen 13 Jwiyè-a Pwezidan Tsai ap rankontre Pwezidan Jovenel Moise nan peyi Dayiti. Nan ti kadè lap pase-a, li gen pou li pwofite inogire yon ekspozisyon pwodwi lokal Tywann e re-dinamize ou renouvle detèminasyon Tywann pou li ede tout makrèl li yo kenbe djanm nan ede yo devlope plan ke Etazini ap pwomote-a.

Antouka, pa gen anyen serye ke pèp Ayisyen kapab espere de yon parèy visit ki chita sou pelerinaj konfyolo neoliberal; ki tou senpleman montre yon lòt fwa ankò a ki pwen yo vle kenbe Ayiti nan gòj pou li mouri ajenou pandan yo santi ke li oke pou yo kontinye ap krache nan men-l yon fason pou anpeche li pa vire je bò kote Lachinn ki fè prèv devlope peyi, tankou jan tout rès monn lan pwèske fè-l.

Konsa, nou ta swete pa gen oken vye transaksyon ki fèt sou non yon pèp yo fenn souse e ki pap janm benefisye anyen nan tout asistans sa yo. Li enpòtan pou Pwezidan Tsai Ing-wen konnen ke li pa ka fè oken trazaksyon ni sinye oken vye akò bilateral ak yon moun ki dezonore pèp li e ke Lajistis enkilpe-l nan vòl ak kòripsyon!

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Leave A Reply