Nan kad pou bay moun fèb mwayen yo bourad, direksyon depatmantal sanitè Grandans lan demare ak yon jounen pòt ouvè

142
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan sousi pou fasilite moun fèb mwayen yo jwen bourad nan swenyaj medikal; direktè depatmantal ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) an nan Grandans peyi a, Doktè Pierre Boutròce Gally, òganize nan tèt kole avèk lopital Sentantwann Jeremi yon jounen pòt ouvèt sanitè nan kad yon semèn lasante.

Anpil moun nan klas defavorize yo ak tout sa yo ki te sòti nan milye riral yo, te pwofite okazyon an pou fè konsiltasyon jeneral e te resevwa medikaman ke ka yo nesesite.

Pierre Boutròce Gally, ki pa soti pou jwe avèk sante popilasyon Grandans lan, fè konnen ke objektif pwimòdyàl li, se pèmèt tout kouch yon sante djanm nan yon sosyete kote tout moun genyen aksè ak lasante san fòs kote.

Share:

Leave a reply