Opozisyon an ap pwepare pou refoule beton-an, yon fason pou fòse Pwesidan Jovenel mache pòs li

198
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Nan yon kominike li fè sòti jodi 4 Jwiyè-a, opozisyon ayisyènn, Platfòm Sèktè Demokratik e Popilè-a anonse ankò yon fwa yon vag chènn pwotestasyon pou jounen Samdi ak Dimanch kap vini la. Yon mobilizasyon ki pwal make yon lane depi te genyen gwo mobilizasyon sou pri gaz-la.

Demonstraksyon yo ap rapouswib jiskaske Pwezidan Jovenel Moise bay talon-li e pote tèt li bay Lajistis pou lapidasyon Fon Petwo Karibe-a, dapwè òganizatè manifestasyon yo.

Pandan se tan, gwo avètisman pa sispann alète popilasyon an pou apwovizyone tout sa yo gen bezwen paske mouvman Deyò Deyò Nèt-la pwal tanmen sou tout tèritwa peyi-a.

Platfòm nan ki te achitèk mouvman Peyi Lòk-la Fevwiye pase, te paralyze kapital-la tèt o pye ak kèk lòt vil pou plis pase 10 jou. Yon sityasyon ki te lajman afèkte fonksyoneman servis dlo potab, elektrisite, komès ak transpò ala ronn bade.

Antouka apwè yon bon akalmi nan de ou twa semen Gòl Kòp-la ak egzamen ofisyèl yo, beton-an pwal chofe pou yon lòt fwa ankò avèk detèminasyon, yon fason pou rale Jovenel Moise mete deyò ak tout palman kòronpi-a selon deklarasyon responsab platfòm nan.

Share:

Leave a reply