Florida: otorite jidisyè yo ekzekite yon kriminèl notwa ki te touye yon pakèt masisi gason

0 336

Tallahassee, Florida__(TRiboLAND) Yon kriminèl notwa ki tap mache fè lapli avèk botan pandan wyit mwa e te arive touye sis granmoun masisi gason tou pwe zònn Kotyè Ès Etazini, finalman ekzekite ayè Jedi-a apwè plis pase 25 lane.

Kriminèl la ki pote non Gary Ray Bowles e ki te genyen 57 rekòt kafe, te resevwa santans li avèk konplisite enjeksyon mòtèl nan Stark, yon pwizon nan Eta Florid. Bowles ke yo te jwenn koupab nan Novanb 1994 nan youn nan sis asasinay ke men-l te tranpe,Walter Hinton nan Jacksonville Beach.

Zak kriminèl Bowles sa yo ki te genyen yon karaktè tèrè sou tout otowout 95 la ki relye plizyè eta, te fè anpil aktiyalite nan yon pwen yo te menm nome Bowles “Touyè 95” menm avan yo te arive mete lapat sou li. Anpil nan victim yo se te moun ki te abite nan zònn Kotyè Ès peyi-a, yon wout ki toujou genyen vwayajè sou li.

Hinton se te dènye pami sis victim nan zak asasinay Bowles yo ki te kòmanse nan Daytona Beach avèk John Hardy Roberts. Anplis, nan entèval sa yo te genyen viktim tou nan plizyè lòt kote tankou: Rockville, Maryland; Savannah, Georgia; Atlanta and Nassau County, Florid. Nap raple, Bowles te toujou boure gòj viktim yo avèk fèy oubyen vye fatra chak fwa li te fenn touye yon masisi gason.

Leave A Reply