Sistèm voryen ou kòwonpi politichyen kriminèl ayisyen an, ap eseye repwodwi tèt li pou yon nyèm fwa ankò atravè yon akò politik sangwen e eskanmòtè

Par Enel Richard
• Sistèm kriminèl la, ki deja lage Ayiti nan tchouboum, pa sispann repwodwi tèt li chak jou ki jou.
• Pwiske pa janm genyen egzanp ki trase sou yo, dechè politik yo ap retounen ankò atravè akò kriminèl.
• Pwiske pa janm genyen egzanp ki trase sou yo, politichyen ki bay kè plen ap eseye pozisyone yo pou djòb avan 7 fevriye 2026.
• Sistèm nan menm, se politisyen kap rache, vòlè, vyole, kidnape, gansterize, piye, e touye san oken remò pòv sitwayen ayisen yo, depi plizyè deseni.
• Pi gro bagay ki kapab fè majorite ayisyen retounen lakay yo; se lè yo ta mete anba kòd e sezi asèt majorite politichyen kriminèl ayisyen ki mete Ayiti
nan sa li ye la pandan 3 dènye deseni yo.
• Peyia bezwen dezenfekte ak lidè kokorat, ki pa genyen absoliman anyen pou ofwi sinon ke montre nouvèl jenerasyon yo kraze bwat etatik yo e depatcha
tout sa ki egziste anndan peyi a.
• Sistèm politichyen enfrekantab ou kòwonpi, yon lòt fwa ankò rekòmanse vle repwodwi yon lòt tèt yo.
• Li lè li tan pou politisyen rat do kale initil e alafwa eskanmòte sispann jwen vizibilite nan men raketè jounalis ki pa sispann bayo vizibilite.
• Se yon sistèm san sal ki konpoze ak yon seri sanvègòy ki vle chak eksplwate chak opòtinite pou repwodwi tèt yo avèk benediksyon yon seri medya konplis
ki toujou ap pyafe avèk yo nan kòripsyon.
• Ke yon fòs etranje, ede malere ayisyen ki anba joug politisyen sangwen sa yo ki efondre Ayiti, debarase peyia de tout dechè ou enpostè sa yo ki pa
montre ke yo te soti anndan vant yon manman.
• Pi gwo sèvis Donald Trump te kapab rann peyi Dayiti, se denonse, endekse, some, transfere yon seri politichyen sangwen ki genyen plis pase 3 deseni ap
redwi e dezimanize popilasyon ayisyènn nan, voye yo lakay Bukele al peye krim yo.
• Nan yon sans, entènasyonal la koupab; si te genyen yon tribinal entènasyonal serye sou planèt la, anpil nan kèk ansyen prezidan, pwemye minis, senatè,
depite, jounalis reselè ki efondre peyia nan ofisyalize kòripsyon mande yo ap teworize yon popilasyon pandan 3 dènye deseni yo.
• Se vre souverènte nou dwe pwime avan tout bagay; sepandan, nou pap ka kite menm kòwonpi politichyen sa yo ap reparèt nan figi popilasyon an, nan
objektif pou fè yon inyèm akò, yon fason pou yo repwodwi tèt yo ankò nan sistèm nan chèche vòlè.
• Vrè moun serye ki pa genyen men li tranpe nan destabilize ak apovwi peyi Dayiti, li pa sou beton an. E majorite lè kap eseye repwodwi tèt yo jounen
jodia, se paske pèp la pa deside enskri yo nan pwogram “Bwa Kale” a.
• Li difisil pou popilasyon an ta arive bliye ki kantite dega yon seri malad mantal ki pase kòm pwezidan, pwemye minis, minis, senatè, depite, majistra
elatriye nan sèvis piblik peyi Dayiti.
• Sistèm politichyen kriminèl la, ap chofe jarèt atravè sinyati akò sangwen pou yon pwochen djòb aprè KPT sangwen an.
• Demolisè kriminèl ki pa vle wè Ayiti ap pozisyone yo yon lòt fwa ankò myèt aprè KPT kòwonpi a.






