Yon nouvo alatèt pou dirije CIMO

Pòtopwens__(TRiboLAND) Joel Gentillon, se nouvo responsab pou Kò Entèvansyon ak Mete Lòd (CIMO) ki enstale ayè Lendi 14 Òktòb 2019 la anba lobedyans Dirèktè sanral polis administratif la, Mario Aubergiste.

Nan diskou sikonstans la, alatèt tou fwe a mete aksan anpil sou pwèv pwofesyonalis ke nouvo kòmandan alatèt a deja pwouve nan nannan enstitisyon polis la. Konsa, li pwomèt pou li fè tout menm bagay nan inite sa.
Nouvo alatèt CIMO a ki ranplase Vladymir Chérubin, te rapouswib pou li voye yon gwo chay remèsiman bay yerachi PNH la pou konfyans yo fè li e mande patisipasyon tout manm CIMO yo nan kolosal travay sa ki se mete lòd ak sekirite.






