Liné Balthazar lave men li kon Pilat nan asasinay Jovenel Moise la; sepandan li pa ezite mete nan bòl ansyen PM PHTK a, Laurent Lamothe

915

08/05/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Liné Balthazar, dirijan Gran Toryan PHTK a pran wout lapwès jodi jedi 5 jwiyè 2021 an pou pote yon demanti fòmèl sou zàk kriminèl malè pandye medizans mal palan lage sou do l kòm moun ki tranpe ra gagann nan asasina pwezidan Jovenel Moise la.

Liné ki tap depoze sou yon radio nan kapital la, eksplike se erè ke yo fè nan idantifikasyon li kote ke responsab jidisyè yo itilize non li nan plas Jean Robert Balthazar ke Joseph Vincent, ki se youn pami pwezume asasen ayisyano-ameriken yo ki te patisipe nan touye Jovenel Moise lakay li nan Pèleren 5, nan lanwit 6 pou rive 7 jwiyè 2021 dènye.

Nan sans sa, Liné deklare ke se zonbi l ke yo kenbe pou fè machinasyon politik. “Pwiske yo wè ke PHTK pa apwiye oken referandòm ak eleksyon pike kole pou enstore yon diktatè fewòs anndan peyi a, yo itilize pwenon li pou fè traktasyon politik”, dapwè Liné.

Antouka, Liné ki abitye entèvni trè souvan ak yon ton modere; fwà sa pat kache fwoustrasyon li; li pat pase plizyè chemen pou lonje dwàt jouda sou ansyen pwemye minis PHTK a, Laurent Lamothe ke li estime ki genyen pikotman fyèv eleksyon 28 septan yo yon fason pou yo kapab enstore diktati anndan peyi a. Pi lwen, li denonse sa ke li rele, traktasyon ak trese lèl kap fèt pou ralanti kous ankèt asasinay chèf deta a.

Liné ki genyen yon manda “pote vini” ke komisè gouvènman Pòtopwens lan, lage dèyè li sou akizasyon asasinay, tantativ asasinay ak vòl men ame kont pwezidan repiblik la ki jwen lanmò li, sa fè pwèske yon mwà, deklare ke li pwèt pou reponn kesyon lajistis. Sepandan, Gran Toryan PHTK a, pa ekate posiblite pou tradwi antite akizatè sa yo devan lajistis.

Comments are closed.