Me 5 koz ki ka fè cheve-w kase, apa de trò sèk

0 655

Trò sèk, ak itilize tròp fè cho, mare cheve-a tròp pou fè stil ak itilize pwodwi chimik se koz ki trè kouran lakay moun ki gen cheve kap kase. Sepandan, gen kèk abitit ou kapab genyen pou pwan swen cheve-w e pa kite yo kase.

Me senk abitit ou dwe chanje ki ka anpeche cheve-w kase

  1. Itilize yon move peny

Ti peny ki gen ti dan kwense kap redi cheve-w kapab fè li kase. Li pweferab pou itilize peny ki gen gwo dan ak espas oubyen, pou pwoteje yo pi byen ou kapab menm itilize dwàt ou yon fason pouk a demele yo pi byen.

2. Li pi bon pou fè stil oubyen kwafi nan tèt lè cheve-w mouye oubyen imid

Anpil kwafi ou stil natirèl egzije dlo ki kapab ran ou manipile cheve-a pi byen. Se pwèske menm jan Beyoncé kenbe cheve li natirèl malgre ekstansyon; cheve-w pi fèb lè yo mouye anpil. Konsa, pou evite ke yo kase, fè stil ak cheve-w lè yo imid pito.

3. Tèt oreye ak twal koton

Tèt oreye ou genyen ki fèt ak twal koton kapab absòbe tout grès ou mete nan tèt ou chak swa e fè li vinn sèk. Sechrès kontwibye anpil nan kase cheve moun. Koton se yon lòt ajan ki reyèlman di e ki ka koz cheve-w kase tou.

4. Fè yon ti kanpe sou koulè

Mete koulè nan cheve-w si youn nan bagay ki kapab andomaje cheve-w, fè yo fèb e fasil pou kase. Li toujou bon pou itilize tanzantan pwoteyinn kondisyone yon fason pouk a fè chve-a imid e fèl pi djanm.

5. Si ou tire cheve-w tròp

Si ou pa vle itilize tròp chalè nan cheve-w, li ta reyèlman saj pou itilize alonj ki deja kòde oubyen lache ki pa ale dwàt. Fè atansyon pou ou pa fè très yo twò sere konsa yo ka redi cheve-a twòp e ki an retou kapab koz li kase.

Koze Fanm, TRiboLAND

Leave A Reply