Pòdpe: Biznis Prezidan Jovenel badichonnen ak matyè fekal

0 707

PÒDPE__(TRiboLAND) Leve jounen Vendredi 7 Jwen an nan Pòdpe, endividi yo pa rive idantifye badichonnen ak matyè fekal devan antre magazen JoMar ki se pwopwiyetè Prezidan epengle-a, Jovenel Moise. Zak malonèt sa ki ta sanble pou anpil moun repinyan, atire atansyon divès sitwayen kap swiv dènye evolisyon politik yo. Maten-an, divès zenyè te soti nan diferan katye vil-la pou fè foto ak video zak vandalis sila.

Pou anpil moun zak sa trè enkonfòtab. Sepandan, yo estime tou ke se mèyè mwayen pou dekri pouvwa PHTK-a ki se yon senbòl salte, kòripsyon, malpwòp ki pa lòt bagay ke yon pil matyè fekal e ki fè prèv medyokrite, bandi san sal, vyòl, manti, vòl, ak skandal ki trennen peyi nan yon pwofondè salte li pat janm konnen.

Pou lòt moun, se yon ak ki demontre klè nan ki nivo malpwòpwete Lapwezidans desann anndan peyi-a. Konsa, yo rete kwè tout retonbe sa yo gen anpil pou wè avèk fason Jovenel e Martine Moise ak tout sipòtè Senatè ak depite Nòdwès yo trete pwòp lakay yo.

Antouka, pandan espektak vadalis sa, pèsònn moun pat remake supotè Jovenel Moise yo, ki pou anpil moun ta dwe fè dilijans pou ramase e netwaye vit e pwese yon parèy imilyasyon.

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Leave A Reply