Ansyen Pwezidan Michel Martelly envite tout aktè konsène deplwatonnen kriz sosyo-politik la

0 658

Pòtopwens___(TRiboLAND) Alokazyon 10 yèm anivèsè gwo gwoudou gwoudou 12 Janvye 2010 la ki te mete nasyon ayisyènn nan ajenou, divès moun ap pwofite senpatize e salye memwa viktim yo. Gen lòt tou se je chèch e pase popilasyon an anba betiz, sitou lè moun konsidere nan ki eta malpwòp ak kòripsyon yo lage peyi.

Ansyen pwezidan Michel Matelly, se youn pami sa yo ki pa vle rete endiferan nan okazyon komemorasyon viktim 12 Janvye 2010 yo. Se vre tankou tout lòt moun, jou sa ta dwe yon moman espesyal pou reflechi sou gwo evènman sa kit e mete Ayiti nan ti soulye l devan fas lemonn. Sepandan, li enkonfòtab pou yon pèp kap naje nan fatra peye atansyon a yon ansyen dirijan ki kontribye nan sa ke nap viv jounen jodi a; ki kontribye nan fasilite kòripsyon anndan peyi; e ki menm degrade e kontinye ap devalorize “La Présidence d’Haiti” pa rapò yon konpòtman imoral e repinyan.

Related image
Youn nan rezidans ansyen pwezidan Michel Martelly nan Kot Akaden, Akayè

Anplis de sa, ki sa ki te gentan gen la; pou Michel Martelly te gentan gen pwewokipasyon sou kriz sosyo-politik la? Eske sa ta vle di se pa Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) ki sou pouvwa a? Kidonk, ansyen pwesidan an genyen yon defisi moral ak onètete; li te dwe panse itilize yon lòt moun ki ta dwe pase yon parèy mesaj: envite tout aktè konsène yo pou yo bay enterè nasyon an pwiyorite yon fason pou yo gen kontwòl sitiyasyon an.

Yon ansyen chèf deta ki koze yon pakèt dega san konte tò moral kont yon nasyon kap naje nan mizè, panse ke tout moun bliye enòmite deriv, kòripsyon, debwa e imoralite ki anrejistre sou divès manda PHTK a! Salye memwa viktim latè tranble yo, se reyèlman byenseyan; men, salye yo pandan ou kontinye ap fè fòtinn, maltrete yo, e anlve sa ki pou yo atravè vòl, kòripsyon ak imunite, e menm arive irite yo avèk yon “chato blan” nan “Kot Akaden,” Akayè, se pwofane e menm atire plis malè sou peyi sa ki deja gen twòp pou li!

Ke espwi viktim yo kontinye bay chak sitwayen eksplwate anndan peyi a Fòs ak Detèminasyon pou konbat tout moun ki responsab malè pèp sa ki se redwi li nan povwete absolu devan zye lemonn!

Leave A Reply