53 peyi Afriken konte patisipe nan premye Ekspozisyon Komès ak Ekonomik Lachinn-Afrik

0 261

PEKEN__(TRiboLAND) Genyen yon total 53 peyi Afriken ki confirmed prezans yo nan premye Ekspozisyon Komès ak Ekonomik Lachinn-Afrik la ki pwal fèt 27 pou rive 29 Jwen nan Pwovens Hunan, Santral Lachinn, dapwè sa yon ofisyèl òganizatè local deklare Madi-a.

Plizyè òganizasyon entènasyonal tankou Òganizasyion Devlopman Endistriyèl Nasyon Zini, Pwogram Alimantè Mondyal ak Òganizasyon Komès Mondyal ap voye repwezantan yo nan yon parèy Expo. Se deklarasyon Depite Gouvènè Hunan lan, He Baoxiang fè pandan li tap adrese-l avèk Lapwès.

Antouka, Expo-a ki gen pou fèt nan Changsha, capital Hunan lan, ap reyini plis pase 1,500 envite etranje, plis pase 5,000 envite lokal, si byen ke plis pase 3,500 egzibisyonis, achtè ak  vizitè pwofesyonèl, selon depite-a.

Jouska pwezan, nou genyen kèk pwojè koperasyon ki angaje pwèske 39 peyi Afriken. Yon gwo pakèt envesman ak pwojè komès gen pou sinye pandan expo-a. Expo-a ki lanse anba lobedyans Fowòm koperasyon Lachinn—Afrik, egspozisyon sa pwal etabli yon nouvo mechanism ekonomik avèk koperasyon komès ant Lachinn ak peyi Afrik yo.

Ekspo Komès Lachinn-Afrik 2018 la te atenn 204.2 bilyon dola ameriken, e Lachinn te pi gwo patnè komès an Afrik depi 10 lane afile.

Leave A Reply