Yon jènn Ayisyènn jwenn kle destine-l nan talan atistik paran-l

0 1,382
Holchiline Alcy

Pafwa, kle destine yon moun konn anndan lakay li e li pa rann kont sa; paske li konn antoure ak moun kap deside pou li oubyen ki tèlman pa kwè nan li, yo finalman deside yon bagay pou li e pafwa ki pa nan volonte moun nan. Konsa, pou satisfè dezi lòt moun, anpil moun rate rèv yo e yo filnalman pouswiv lòt bagay yo pa ni renmen ni ka fè. Men, nan ka yon jènn fi ayisyen-ameriken ki rele Holchiline Alce, motivasyon ak kwayans li pat pèmèt li arive fè yon bagay ki pa genyen anyen pou wè ak aspirasyon li oubyen rèv li. Malgre li te fè tantativ pou ale deyò al dèyè kle destine-l; men li te reyalize kle-a pat okenn lòt kote sinon se te pito anndan lakay li.

Holchiline se twazyèm pitit nan yon fanmiy ayisyen trè respekte e trè atistik ki soti Jan-Rabèl, Nòdwès Dayiti. Li antre nan peyi Etazini lè li te genyen 15 zan, yon laj ki eksite kiyozite tout adolesan sou idantite yo. Jènn ayisyènn nan adapte-l trè byen ak nouvo kilti-a. Avèk anpil motivasyon nan yon anvironnman familial ki byen striktire, Holchiline arive dekwoche yon asosyet ak yon bachelor degree nan Science Fashion Designer nan Art Institut of Fort-Lauderdale nan Eta Florid. Dizynè grand mòd-la jwenn ankandreman papa-l, ki se yon gwo mastè tayè kap depose pou yon pakèt gwogwo konpayi ou boutik ki trè chè nan vann bèl fashion de mòd dènye kri. Konsa, ak yon 35 lane esperyans nan domènn grand mòd ak “Haute Couture”, Papa Holchiline fè yon non pou li nan peyi tonton Sam nan. Li pase gwosè talan sa bay pitit fi li tankou li kontinye ap fòme anpil moun kap pwodwi bèl mòd ou bèl kolèksyon pou yon pakèt gwo mega milyon dola konpayi, san konte abiye ak yon touch klasik yon pakèt gwo pwofesyonèl ou superstar Ameriken.

Holchiline te toujou ap batay avèk enstink li ki te anpeche-l chwazi ant mèdsinn oubyen fashion design. Li te kòmanse karyè li nan syans medical e finalman li te oryante enstink li nan anvironman familyàl li, kote touswit apwè li vinn tonbe bab pou bab sou kle destine-li. Jènn ayisyènn nan arive jwenn kle rèv li apati de yon seri enspirasyon retwospektiv sou fason paran li te konn pwan swen pou abiye-l pou lekòl; jwèt ak aktivite li te konn fè lè-l te timoun; film li te konn renmen gade; manje li te toujou renmen manje, tout sa yo se yon seri evenman ki enspire-l e enfluyanse dizynn li yo ki atiran. Li gen yon sans inik de stil pèsonèl e apresye koulè, art, e tekstir. Anplis de sa, menm jan avèk papa li, Holchiline devlope yon amou esepsyonèl pou materyo bwit ki ede-l ranfòse imajinasyon li nan kreye yon zèv rafine e byen acheve. Abilite pou melanje diferan kalite twal ki delika pou travay, fè Holchiline vizyalize e elaji chan kreyativite-l pi byen. Konsa, atis la arive kreye pwòp dizynn li ki chita sou yon seri ilustrasyon inovativ e ki atire yon gwo piblik kontanporen ki swaf de travay li.

Koulya, brand Holchiline nan ap fè pale de li anpil. Chak modèl genyen yon espesyalite ki reflete pasyon, abilite ak teknik atis la ki pa lòt bagay sinon yon inivè de mèvèy. Holchiline pa senpleman mete ràd sou moun; men pito ale odela de tout yon gamm pwosedi, kòmanse sou kòdinasyon koulè rive jous nan tretman tekstil. Aranjman, dekorasyon, desen, garman, mannken, machinn akou, model se sa ki pa manke nan yon espas boure ak materyèl teknoloji dènye kri pou “la Haute Couture”, se otan de resous ki karacterize boutik ou shop Alcy’s Custom Design lan, yon joli plas ki fè fyète jeni ayisyen-an. Pandan Holchiline ap pwan wout destine-l an men, li jwenn sou chemen li yon seri selebrite kap koutize touch kontanporen sa kap vale terren. Iconn tankou Diana Ross, Demi Lovato, PitBull, Enrique Iglesias poun site sa yo sèlman, eksprime gwo satisfaksyon de travay Holchiline.

Holchiline Alcy figire nan plisyè magazinn tankou: Drevin Magazine, Shuba ak LaFrance. L ap travay san pwan souf pou fè Alcy’s Custom Design youn nan fashion design antite ki yon referans otentik pou kominote ayisyènn nan. Se talan lakay kap emèje! Pye bèf pou pye bèf, pwan-l kay pwatik!

TRiboLAND Staff

credit photo: Alcy’s Custom Design, holchilinealcy

Leave A Reply