Kabwèt Jovenel Moise la pwàl chavire; Senatè Kedlaire Augustin vòltije e kite-l poukò-l

0 401

Li pa etonan, chak jou bondye mete wap jwenn moun ki te anba zèsèl Jovenel Moise ap kouri kite-l pou kòl. Konsa, nou temwen yon pakèt defeksyon ki pote tèt yo nan kan opozisyon an. Anpil moun estime se yon bon remak, paske sa ap gwosi kan sila ki petèt bezwen anpil oksijènn fas a rezistans pouvwa Jovenel Moise la ki pa soti pou kraze yon kite sa. Lòt moun kwè, se vye kou mèt dam ki pa alamòd ankò ke moun toujou jwenn lè yon Pwezidan pwàl tonbe.

Men yon bagay ki bay anpil pwoblèm; eske defeksyon sa yo ki ale fè kolònn ak opozisyon an pap mennen nou nan menm peyi oubyen sistèm galimatcha nap kouri pou li-a? Eske reyèlman moun sa yo sensè nan pozisyon yo ki ta sanble yon kout zo politik yon fason pou yo ka gentan moute pou menm pwan kontwòl tren an.

Se vre, tout moun wè bato PHTK a pwàl chavire ak tout Jovenel Moise pou enkonpetans ak efondreman peyi-a; sepandan, pèp Ayisyen dwe vijilan nan kàd idantifye tout sa ki te konn ap fè sak pasa pandan yo tap jwi tout kalite avantaj sou gouvènman PHTK ki fini ak peyi-a pandan 7 lane gagotaj fon petwokaribe a. Koulya, kabwèt la pwàl chavire, Senatè ak Depite agranman gentan ap chanje koulè yon fason pou echwe batay popilè kont yon sistèm kòwonpi ki fè anpil eli ofisyèl sa yo venn rich.

Nou sezi tande nòt depwès Senatè Kedlaire Augustin an ki anonse li “koupe fache ak PHTK jiskaske Pati Tèt Kale-a mete yon ola nan divizyon chyen ak chat ant Pwezidan Jovenel Moise ak ansyen Pwezidan Michel Martelly kap wonje pati-a”. Nou ta swete ke Senatè Augustin reyalize ke li anreta nan mannèv li yo. Kout gidon sa-a ki trè kouran, fèt twò ta e tout moun wè-l! E ta sanble ke Senatè Sorel ak Lambert te pi avize ke Senatè Augustin menm nan pwevizyon politik yo. Anplis, moun sa yo ta sanble ke yo pwan swen eskanp figi depatman kote yo repwezante a mil fwa pi byen ke repwezantan Nòdwès yo!

Se garanti, genyen anpil mezi kap mete anplas nan Nòdwès yon fason pou depatman sa pa janm arive gaspiye vot li bay yon seri Pwezidan, Senatè, Depite, ak Majistra ki maltrete, imilye, e abize Nòdwès atravè kòripsyon, mansonj, engratitud, malvèsasyon ak anpil lòt bagay ki plwonje repitasyon popilasyon an nan yon salte ak imilyasyon nasyonal.

Li tap saj Senatè, pou ou rete kote ou ye a; pa kouri kite nèg bannan nan ki te ede-w anpil! Konsa, chanje kan tou kri konsa, sa pap ka fè youn nan nou arive jamè jwenn yon lòt manda nan Nodwès ankò. Onivo nasyonal, nou tout (Senatè, Depite, ak kèk majistra) se lawont total kapital. Nou fè Nòdwès ambarase!

Dumas Noclès, Ba Nòdwès

Leave A Reply