Bawo Pòtoprens lan entèdi Avoka Caleb Jean Baptiste pratike nan jiridiksyon li

540
0
Share:
TRiboLAND

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Konsèy Lòd Avoka Pòtoprens lan pran desizyon fèm pou entèdi Avoka Caleb Jean Baptiste pratike Dwa nan jiridiksyon li a. Nan yon avi ofisyèl ki adrese bay tout Majistra nan zòn metwopolitèn lan, Bawo Pòtopwens lan mande pou Mèt Jean Baptiste pa entèvni nan oken dosye, epi yo òdone fèmti kabinè li a ki rele “Cabinet Caleb Jean Baptiste et Associés Law Firm”, ki tabli ilegalman nan Ri La Sorbonne, Dèlma 83.

Desizyon sa a sòti nan Konsèy Disiplinè Lòd Avoka Pòtoprens lan, epi li pote sinyati Batonye Lòd la, Mèt Max Stanley Lafortune, ki fè konnen mezi sa yo pran pou pwoteje enterè piblik la, epi pou garanti ke moun kap chèche sèvis legal pa viktim anba pike kole ki depaman ak règ pwofesyon an.

Nan avi a tou, Bawo fè konnen dosye Mèt Caleb Jean Baptiste pral transfere nan Bawo Aken pou swit nesesè.

Share:

Leave a reply