Rate gaz la bay anpil problem nan Pòdpe

0 390

Triboland.com 01-20-2019

Plizye dizaine chofè taksi moto pwan laru nan Pòdpe swit avèk rate kaburan anyè vandredi 19 Janvye 2019 la. Nan rankont journalis Triboland te genyen avekyo, yo fè konnen gaz la difisil pou yo achte li nan ponp alòske machann atè jwenn pou yo fè mache nwa. Daprè yo menm se konplisite ponpis yo ak machann yo ki kanpe pou kase kou yo.

Nan revandikasyon yo, yo pat epanye pèsonn ni Senatè ni Depute, ni Prezidan pou mande yo pou gen bonjan lwa ki vote sou kesyon vann gaz atè. Ekip chofè sa yote kontinye mande komisè gouvènman Podpe a, Mèt Jean Volney Belamin pwan responsablite li sou kesyon vann gaz atè a.

Chofè taksi moto yo fini pou di si tout fwa pa gen anyen ki fèt yap depoze moto yo e yap pwan lari e yap fè anpil dezòd.

Nap soulinye pou nou fèw konnen problem gaz sa a egziste depi plizye semènn pèsonn poko janm di anyen; san nou pa bliye lavi chè a kap moute wo bibim aloske ti peyizan yo pa konnen ki sen pou yo rele.


Jehrbson PETIT

Metropole Nodwes


Leave A Reply