Kot Divwa: Antèman DJ Arafat fini nan deblosaj fanatik

0 560

Abidjan__(TRiboLAND) Kot Divwa apènn sot bay omaj a DJ Arafat. Yon star entènasyonal koupe-dekale-a (yon dans popilè) ki resevwa yon finerày nasyonal ke anpil moun pat atann pou yon atis chantè. Atis la ki se chouchou tout ivwaryen, te jwenn lanmò li 12 Dawou ki te 2019 nan yon gwo aksidan woutyè e entere jodi maten 31 Dawou-a apwè tout yon nwit danbyans, konsè nan stad Félix Houphouet-Boigny yè swa nan Abidjan.

DJ Arafat

Kriye, rele, dlo, dezespwa se sa ki pat manke apwè yon nwit festivite pou defen an. Aparisyon kadav DJ Arafat tou swit vinn kreye yon veritak lapli emosyonèl bò kote popilasyon an kit e vinn di atis la yon dènye orevwa.

Kò defen an te estale nan mitan pelouz estad la e tou swit apwè plizyè manm nan fanmiy lan ak lòt pwòch tankou star afwiken Davido, Didier Drogba, Fally Ipupa ak anpil lòt pou yon dènye omaj a zanmi yo ki kite yo.

Antouka, bagay la ta pawl dejenere lè yo ta pawl pwosede pou seremoni leve kò-a. Anpil nan fanatic yo pat ka kontwole emosyon yo; yo te refize kwè ke atis la mouri tout bon vwe! Nan simityè Williamsville, plizyè jènn fanatik te oblije fè vyolans pou yo ouvwi sèkèy la e konstate tout bon ke se te DJ Arafat. Konsa, gwo deblosaj ant lapolis avèk fanatik ki te dechennen e ki pat vle reyèlman viv seremoni mete anba tè a idol yo a. Konsa, pwofanasyon tonb DJ Arafat la, pwovoke yon pakèt endinyasyon nan Abidjan.

Leave A Reply