Watson Jean, yon jèn gason ak yon bwàt chany sou plas katedràl Pòdpè a

2,052

09/16/2021


Pòdpè——-(TRiboLAND) Watson Jean se yon jèn gason 18 an, ki pase tout tan l sou plas Katedràl Pòdpè a ap chache lavi ak yon brat chany. Nan yon konvèsasyon ak yon jounalis Radio Marconi FM (Rambo), Watson fè konnen pi gwo pwoblèm li se frè ak sè li yo! Li konfime ke se mande manman l ap mande devan Plas Katedral imakile a nan vil Pòdpè.

Sepandan pou li menm, li chwazi pa pwàtike mandyan; konsa, li pwefere chwazi genyen yon bwàt chany kote li ka fè yon 50 goud pandan jounen an yon fason pou peze grangou ti frè ak tis è li yo. Watson Jean pa gen pitit, li se pi gran pitit pami 4 lòt nan 9 timoun ke manman l te mete sou tè a.

Dapwè sa Watson esplike jounalis Rambo, pi gwo rèv li se genyen yon bout moto ki kapab ede l bwàse; konsa, lap kapab arive mete lòt timoun yo lekòl yon fason pou yo pa pwan nan angrenay delenkans ak gang nan lari a. Watson pa fini lekòl akoz deblozay ki te pete lè l te lekòl, sou pwetèks yo te akize l ke li te mete men sou yon tifi; konsa, paran l te oblije fèl pa ale ankò pou pwoteksyon l.

Chache fè yon lòt aktivite epi retounen lekòl se yonn nan anvi Watson, dapwè refleksyon li. Malgre move lavi lap sibi kòm jèn gason, se rèv li pou li retire manman l devan Plàs Katedràl la menm lè se avèk yon ti bak sirèt. “Si fè yon ti efò pou mwen arive bay manman m yon ti bak pou li degaje l, sa ap yon ti jan diminye fado lavi a pou manman m,” selon Watson.

Rambo, journalis Markoni FM nan mande Watson ki sa li ka fè pou l kapab ede l, Watson mande jounalis la pou fasilite l retounen lekò,l paske li pa vle pase tout tan l nan lari a ap netwaye soulye e viv sou pwesyon lapolis ak sosyete a ki toujou ap minimize l.


Saint-vil-florvens ZAMBIGUIT’ART

Comments are closed.