Ankò yon lòt seyans rara prevwa jodi-a nan Sena Ayisyen

278
1
Share:

Yon lòt fwa ankò klan kè di ak krazèt peyi, ansyen rat dokale ki rasi nan redwi Ayiti nan eta repinyan ke liye-la, ap pare jodi-a pou ofri rès monn-lan yon lòt seyans rara ou imilyan ankò. Sepandan, pou anpil moun atravè monn nan, se pa lapènn pou yon moun bay twòp enpòtans ak teyàt sa ki pa lòt bagay: enterè mesken de yon ekip atoufè ki akapare tout enstitisyon leta.

Chak senatè ak depite fini ak sakèt bwat enstitisyon leta yo ki pa menm egziste ankò; PHTK atravè swadizan pouvwa egzekitif-la se kè plen ak kòripsyon, e Ayiti pa janm desann nan yon nivo parèy. Ak 2 manda ki karakterize avèk kòripsyon, medyokrite, vyòl, ensekirite, abi pouvwa ak aktivite kang se tout bagay sa yo ak anpil lòt ki kreye yon klima explosif ki kapab okazyone yon explosion popilè ki iminan. Konsa, foustrasyon ak krim tout kalite kap degaje anndan peyi-a se konpòtman iresponsab yo ak fason yap trete moun anndan peyi-a. Se lidè sa yo ki, depi digdantan ap irite sitwayen nan fason yap afiche gouvènabilite medyok yo.

Antouka, afè milyèm prezantasyon politik jeneral Mesye Lapin, yon ansyen rat sistèm kòronpi sa a, ki konnen tout lanvè landwat tout pouvwa ki mete peyi-a nan sa li ye la; kidonk, ki sa yon senp sitwayen ayisyen kapab espere avèk yon Sena kap naje nan fatra, nan kòripsyon, nan mouvman gang ak kraze peyi.

 Gwo kesyon an, ki sa ki bare je pèp sa, ki fè li pa kapab sove tèt li anba kriminèl egzekitif ak lejislativ sa yo kap revòlte moun anndan peyi-a depi plizyè deseni.

Jacob bendallahm, Triboland

Share:

1 comment

  1. Jesus Savoy 3 March, 2025 at 03:50 Reply

    Great work! That is the type of info that are supposed to be shared around the web. Shame on the search engines for now not positioning this submit upper! Come on over and talk over with my site . Thanks =)

Leave a reply