Kriz kap sakaje lekòl Dwà Gonaiv la, fòse Rektora Inivèsite Leta Dayiti a pran yon seri dispozitif

426

04/08/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan moman ke lekòl Dwà ak Syans Ekonomik Gonaiv la (EDSEG) ap pran lanm, Rektora Inivèsite Leta Dayiti pibliye yon nòt kote ke li fè piblik la konnen se sèl 2 manm nan komisyon restriktirasyon a ki otorize aji nan non enstitisyon an.

Dapwè sikilè Konsèy ekzekitif 11 fevriye 2021 an, Mèt Dufrène Guillaume, kowòdonatè ap jwe wòl direktè lekòl la e Mèt Youdeline Cherizard, asistan kòwòdonatè ap jwe wòl asistan direktè etablisman an. Konsa, nòt Rektora deklare “izipatè tit ak fonksyon” a tout lòt moun ki ta pretann ap aji nan non EDSEG a.

Konsa, Rektora regret ke direksyon an poko kapab anonse repriz kou yo akòz yon seri endividi eleman sibvèsif ki pwofite feblès leta a pandan ke yo pran an otaj e transfòme espas la tèt koupe ak yon lekòl machann bòlèt ou non dwà.

Anplis, premye aktivite akademik pou soutni memwà yo te deja anonse. Konsa, yon pwosesis anrejistreman pou enskripsyon te kòmanse madi 6 avril 2021 pou sa yo ki te konsène selon nòt direksyon an te sinye 24 màs dènye.

Tout tranzaksyon ki konsène peyman pou dokiman akademik ak aktivite, dwe egzekite sou kont bankè enstitisyon an, daprè Rektora a ki raple ke li pa rekonèt tout egzamen repriz, egzamen sesyon, e konkou admisyon ak soutnans memwà ki te reyalize nan non EDSEG apati septanm 2020 an.

Comments are closed.